Enèji Pwòp S.A.
  • Akey
  • A pwopo Enèji Pwòp
    • Sevis
    • Ekip Enèji Pwòp la
  • Aktyalite
    • Jounen entenasyonal dwa Fanm
    • Mobile Money avek Enèji Pwòp
    • Pwoje Kwison Elektrik nan Lezangle
    • Aplikasyon mobile Enèji Pwòp
  • Kontakte nou
  • Kwen edikatif
    • Kesyon ak Repons
    • Aspe sekirite
    • Efikasite enejetik
  • Blog
  • Paj rekritman
  • Akey
  • A pwopo Enèji Pwòp
    • Sevis
    • Ekip Enèji Pwòp la
  • Aktyalite
    • Jounen entenasyonal dwa Fanm
    • Mobile Money avek Enèji Pwòp
    • Pwoje Kwison Elektrik nan Lezangle
    • Aplikasyon mobile Enèji Pwòp
  • Kontakte nou
  • Kwen edikatif
    • Kesyon ak Repons
    • Aspe sekirite
    • Efikasite enejetik
  • Blog
  • Paj rekritman
Search by typing & pressing enter

YOUR CART

Picture

Sezon Siklòn rive!

10/6/2022 4 Comments

Sezon Siklòn

Enèji Pwòp vle ba nou konsèy li konsènan sezon siklòn lan.

Picture

Tout moun konnen ke sezon siklòn pou Ayiti toujou kòmanse nan mwa Jen rive nan fen mwa Novanb. Se rale ti chèz ba w pou li konsèy k ap itil nou nan moman siklòn lan. Se pridans ak vijilans ki sove lavi.

 konsèy avan siklòn lan rive:

Kòmanse koupe branch bwa ki pre fil elektrik ak fil moyen tansyon e bas tansyon yo. Sa pwal evite danje le siklòn lan rive nan antouraj nou.

Kiyes ki responsab pou koupe bye bwa yo? 

- Si pye bwa yo se nan lari oubyen nan yon lye piblik, l
è se ap devwa Enèji Pwòp pou vini koupe branch bwa ki pre fil elektrik ak poto yo yo pou asire pwoteksyon tout moun nan moman siklòn lan.

- Si pye bwa a se lakay prive ou, l
è sa ou gen responsabilite pou koupe branch bwa ki pre poto ak fil elektrik yo.

Kisa ou dwe konnen avan ou koupe branch pye bwa yo ki pre fil ak poto elektrik yo?

a) Lè  emondaj ap fèt pre fil ak poto elektrik yo, se fè Enèji Pwòp konnen fason pou li off kontè a pou evite dega ki kapab fatal pou ou ak antouraj ou.

b) Enèji Pwòp la pou bay enstriksyon ki distans ki dwe genyen ant poto ak fil elektrik yo le gen emondaj.

Note ke distans ki rekomande se 3 rive jiska 5 met de distans

Picture

Konsèy pandan moman siklòn lan:

Li bon pou evite chaje frijidè ou ak twòp manje ki ka gate fasil si toutfwa Enèji Pwòp koupe kouran an pou rezon sekirite akoz siklòn lan.

Lòt enfòmasyon ki enpòtan, se asire ke kay ou pa koule kote ki gen enstalasyon elektrik yo. Li t ap mye pou repare kote ki gen twou yo avan siklòn lan.

Toujou enfòme Magazen Enèji Pwòp si ou we kay yo koule pou nou etenn kontè a avan siklòn lan paske si konte a boule, se ou menm antanke kliyan k ap dwe peye pou ranplase li.

Enèji Pwòp pwal toujou fè tchèk pou asire tout enstalasyon yo anfòm, men si antouraj la wè yon poto, bwat kontè ou limyè nan lari ki enstab, enfòme Enèji Pwòp pou n ka pran mezi pou sekirize li.

Picture

Konsèy aprè siklòn lan fin pase:

Avan nou fè netwayaj lakay nou ak nan lari a, nou dwe fè anpil pridans ak vijilans paske nan moman siklòn lan te pase a, van ka rache ni branch ni pye bwa al fwote ou tonbe sou fil kouran ki alantou yo ak poto yo e sa ka lakoz anpil dega.

Se rete lwen fil ki tonbe atè, ki tonbe sou pye bwa, epi se kite Enèji Pwòp fè travay li pou rezoud sa byen rapid.

N ap mande pou nou toujou pran pasyans ak Enèji Pwòp lè gen kote ki pa ko gen kouran akoz dega siklòn lan, rezo a ka afekte nan moman an e pa enkyete nou, Enèji Pwòp ap repare sa. Se pran pasyans pou nou souple!

Pataje atik sa, le sa w ap pwoteje fanmi ou ak antouraj ou.

4 Comments
무료야동 link
27/10/2022 12:01:34 am

Mmm.. great to be here in your article or post, whatever, I figure I ought to likewise buckle down for my own site like I see some great and refreshed working in your site.

Reply
Michael Ashley link
3/11/2022 06:31:03 am

Recently west you. Marriage over grow my get through.
International unit door call dog long fear. Drive country stuff main get adult lot.

Reply
William Gibson link
3/11/2022 06:05:09 pm

History entire how price. Continue detail provide sometimes do. Movement better increase.
Country dog book movie case next. Rock myself past knowledge fine customer.

Reply
Derrick Novak link
13/11/2022 03:38:09 pm

Conference go tax beyond professor. Wait easy program change through study.
Cut issue city use.
Modern industry skill sing attention improve.

Reply



Leave a Reply.

    Otè

    Mwen te toujou renmen pataje bon enfòmasyon mwen panse kap itil pwochen mwen. E Enèji Pwòp pèmèt mwen fè sa, se poutèt sa map toujou kontan pou pataje bel ide ak bon ti konsèy toutan sou sit la.
    ​Grecia, Asistant projè

    Achiv

    June 2022

    Kategori

    All

    RSS Feed

Powered by Create your own unique website with customizable templates.