Temwanyaj Marie Lola Fortilus, yon machann gazez ak dlo glase depi plis pase dis lane, montre kijan elektrifikasyon sant vil la pral transfòme pa sèlman lavi li, men avni ti biznis li tou. Se yon istwa espwa, chanjman, ak nouvo opòtinite.
Komès la ede’m anpil, anpil, se li ki peye lekòl timoun yo, voye lopital, ba yo manje ak anpil lòt bagay ankò.
Men se toujou avèk anpil difikilte pou mwen rive reyisi manman lajan ak fè benefis, lavi’m vrèman difisil.
Chak jou, se yon batay pou mwen jwenn glas. Mwen toujou leve 4 trè nan maten pou mwen al chèche glas la nan yon lòt zòn ki byen lwen.
Souvan, glas la rive mwatye fonn, epi mwen depanse mwatye nan benefis mwen, nan transpò ak achte glas sèlman.
Gen jou, si izìn lan pa fonksyone, mwen pa gen anyen fre pou mwen ofri kliyan yo, sa konn fè mwen pèdi anpil lavant."
Se deja pral yon gwo soulajman pou mwen. Premye bagay mwen pral fè, se branche yon frizè. Sa vle di mwen p’ap bezwen kouri moute desann nan al dèyè glas ankò, ni pèdi nan lajan transpò. Gazez ak dlo yo pral toujou glase menm si pa ta gen twòp gwo solèy.
Sa ki pi bèl, sèke mwen p’ap bezwen pè gaz ki pral fini nan dèlko oswa tande gwo bri ki ka fè moun soud. Se pral yon kouran ki trankil e ki pa chè sou yon peryòd tan.
Otè : Marie Clennecy Beauvais
Marie Clennecy se responsab depatman Grand’Anse pou Enèji Pwòp, ak sipèvizyon dirèk sou operasyon ak angajman kominotè yo.
18/02/2026
Par Maxene Loresca e Marie Grecia Cesar
Istwa Lutane
Lutane te genyen yon ansyen machin a koud Singer manman l te kite pou li. Machin nan te konn chante anba dwèt li pandan lap koud bèl rad. Men, talan Lutane la te gen yon limit, kou lannwit tonbe, machin nan sispann chante paske pat gen kouran. Biznis li te rete tou piti, li pat janm ka grandi e fè plis pwofi pou l voye pitit fil nan yon pi bon lekòl.
Sa gen kèk ane, yon òganizasyon te debake ak gwo pwomès devlopman. San yo pat mande pèsonn anyen, yo te wè yon teren vid epi yo te deside enstale yon gwo moulen mayi. Poutan, nan zòn nan, moulen mayi pat pwoblèm moun yo. Pwoblèm lan, se te fènwa ki te anpeche atizan tankou Lutane travay ak timoun yo etidye. Nan mwens pase yon ane, moulen an te tounen yon kote pou kabrit rete; yon moniman kap raple tout moun yon pwojè ki te fèt "san kominote a", se yon projè kap echwe.
Eksperyans sa a te fè moun yo pat fè pèsonn konfyans ankò lè yo tande mo "pwojè" a. Lè Enèji Pwòp te rive, moun yo te gen mefyans toujou. Men, fwa sa a, yon bagay te chanje.
Premye etap la, se pat plante poto epi pase fil, men pito se te yon reyinyon ak kominote a pou nou konnen ki pi gwo pwoblèm zòn nan genyen. Lutane an tanke fanm te profite okazyon dyalòg sa poul di se pwoblèm kouran zòn nan genyen, sa ki anpeche li ak tout lot moun nan kominote a fè gro profi nan biznis yo.
Lè Enèji Pwòp retounen nan zòn lan, li te vin anonse kominote a li vini ak yon projè kouran pou reponn ak bezwen kominote a. Pou projè a kapab ateri pi byen, pou li dirab, poul rive rezoud pwoblèm lan pi byen, kote nap tande vwa tout moun Enèji Pwòp kreye yon komite ki rele Komite Konsiltatif Enèji CCE, komite sa dwe fèt ak moun kap viv nan kominote a selman.
Se nan objektif sa, Komite Konsiltatif Enèji (CCE) te vin kreye. Komite sa a, se pa yon senp biwo kap bay lòd. Avèk li, nou chanje fason nou trava,  nou pa nan koze "moun kap vann ak moun kap achte", men li se kè ak nanm travay kap fèt nan tèt ansanm pou reyisit projè yo.
Lide a senp: se manm kominote a menm ki dwe sèvi kòm "je ak zòrèy" pwojè a poun pa fè menm erè ak moulen mayi a.
Yon fondasyon solid depi nan Les Anglais ak Tiburon
Enèji Pwòp te konprann byen vit ke pou yon pwojè sèvi tout moun tout bon vre, vwa kominote a dwe nan mitan travay la.
Nan Les Anglais, depi premye ti kouran an, te gen yon komite lidè nan zòn nan ki te ede nou chwazi premye moun kap gen kouran yo epi esplike reyalite ak nou moun nan zòn nan.
Nan Tiburon, Menm jan an tou, nou te moute yon komite pou n te asire pwojè a tap mache ak sa popilasyon an vle tout bon vre a.
Komite sa yo la pou: asire vwa tout moun tankou Lutane ki se vwa koutiryè a, machann nan, kiltivatè a, elèv la, se sou li tout poto elektrik yo poze.
Yon komite ki enklizif: Omwen 50% fanm
Nan komite (CCE), nou chèche gen ant 9 a 11 manm. Men gen yon règleman nou pa jwe avè l, fòk omwen mwatye nan yo se fanm.
Poukisa? Paske se medam yo, koutiryè yo, machann yo ki konnen pi byen kote kouran an pi nesesè lakay yo ak nan mache a. Se yo ki konn pè fènwa plis lè yap mache nan lari lannwit. Se yo menm ki plis viv enpak pa gen kouran direkteman nan (Kwizin, fe timoun etidye ak  prepare timoun voye lekol avan li jou).
Avèk yo nan komite a nou asire yon reprezantasyon ki jis, ekilibre ak enklizif nou asire vwa fanm yo pa ret sou kote. Nou asire ap gen pi bon desizyon ki adapte ak lavi nan kominote a epi bay modèl pozitif pou jèn fi yo.
Yon rempa kont vyolans ak abi
Youn nan pami misyon komite a, se asire sekirite fanm ak ti fi yo. Komite a pa ladan l menm ak koze asèlman oswa nenpòt kalite vyolans sou medam yo. Paske manm komite yo se moun nan zòn nan yo ye, yon moun ki viktim ka ale pale ak yo an sekrè san l pa pè. Komite a konnen ki kote pou l mennen moun nan pou l jwenn swen lopital oswa jistis byen vit.
Yon kouran kap bay ekonomi lokal la bourad
Limyè nan kay la bèl, men kouran kap ede w fè pwofi pi bèl toujou! Komite kapab travay ak popilasyon an pou chwazi bèl pwojè kap ede moun fè pwofi ak kouran an:
Pou moun kap fè lapèch, komite ka gade kijan yon "chann fwad" ka kreye pou pechè yo konsève pwason yo pou yo pa gate.
Pou moun kap fè kasav, olye pou yo sèvi ak moulen gaz ki koute chè epi ki bay anpil lafimen, komite a ap ankouraje moulen elektrik ki pi pwòp epi ki pi rapid.
Kwison elektrik, teste bèl recho elektrik kap kwit manje rapid san lafimen. Sa ap ede manman fanmi yo ekonomize tan epi pye bwa pap bezwen koupe pou fè chabon ankò, sa kap pwoteje mòn nou yo.
Divètisman & lavi sosyal
Itilize espas kiltirèl yo kote jèn yo kap fè teyat, dans, ak anpil lot aktivite kiltirèl kap pèmèt yo mete talan yo an valè.
Yon avni pi klere pou yon kominote
Eksperyans nou te fè nan Les Anglais ak Tiburon nan depatman Sid montre nou klè ke lè kominote a patisipe, pwojè a vin pi solid. Jodi a, n ap moute menm kalite komite sa yo nan 6 lòt vil: La Cahouâne nan depatman Sid, Beaumont, Marfranc, Chambellan, Dame-Marie ak Anse d’Hainault depatman Grandans.
Angajman Enèji Pwòp anvè kominote yo
Enèji Pwòp kwè ke kolaborasyon solid ak kominote yo esansyèl pou siksè ak dirabilite pwojè kouran yo. Komite Konsiltatif enèji yo se yon mekanis enpòtan pou ranfòse patisipasyon, transparans, ak bon gouvènans. Enèji Pwòp pa sèlman bay kouran elektrik, men li kontribye nan devlopman kominote yo, ranfòse lidèchip lokal, epi sipòte yon avni ki pi dirab pou tout moun.
Mèsi deske ou te swiv seri blog sa a. Trè byento nap ka konsilte dokiman komite yo sou paj Enèji Pwòp S.A: https://www.enejipwop.com/komite-konsiltatif-eneji.html .Si ou gen kesyon sou kijan pou w patisipe nan komite konsiltatif enèji nan zòn pa w la, pa ezite pase nan magazen nou oswa kontakte nou sou sit la ki se www.enejipwop.com oubyen ekri nou nan info@enejipwop.com
sezon siklòn pou Ayiti toujou kòmanse nan mwa Jen rive nan fen mwa Novanm. Se rale ti chèz ba w pou li konsèy k ap itil nou nan moman siklòn lan. Se pridans ak vijilans ki sove lavi.
konsèy avan siklòn lan rive:
Kòmanse koupe branch bwa ki pre fil elektrik ak fil moyen tansyon e bas tansyon yo. Sa pwal evite danje lè siklòn lan rive nan antouraj nou.
Kiyes ki responsab pou koupe bye bwa yo?
- Si pye bwa yo se nan lari oubyen nan yon lye piblik, lè se ap devwa Enèji Pwòp pou vini koupe branch bwa ki pre fil elektrik ak poto yo yo pou asire pwoteksyon tout moun nan moman siklòn lan.
- Si pye bwa a se lakay prive ou, lè sa ou gen responsabilite pou koupe branch bwa ki pre poto ak fil elektrik yo.
Kisa ou dwe konnen avan ou koupe branch pye bwa yo ki pre fil ak poto elektrik yo?
a) Lè  emondaj ap fèt pre fil ak poto elektrik yo, fè Enèji Pwòp konnen fason pou li off kontè a pou evite dega ki kapab fatal pou ou ak antouraj ou.
b) Enèji Pwòp la pou bay enstriksyon ki distans ki dwe genyen ant poto ak fil elektrik yo lè gen emondaj.
Fòk nou note ke distans ki rekòmande se 3 rive jiska 5 mèt de distans
Konsèy pandan moman siklòn lan:
Li bon pou evite chaje frijidè ou ak twòp manje ki ka gate fasil si toutfwa Enèji Pwòp koupe kouran an pou rezon sekirite akoz siklòn lan.
Lòt enfòmasyon ki enpòtan, se asire ke kay ou pa koule kote ki gen enstalasyon elektrik yo. Li t ap mye pou repare kote ki gen twou yo avan siklòn lan.
Toujou enfòme Magazen Enèji Pwòp si ou wè kay yo koule pou nou etenn kontè a avan siklòn lan paske si kontè a boule, se ou menm antanke kliyan k ap dwe peye pou ranplase li.
Enèji Pwòp pwal toujou fè tchèk pou asire tout enstalasyon yo anfòm, men si antouraj la wè yon poto, bwat kontè ou limyè nan lari ki enstab, enfòme Enèji Pwòp pou n ka pran mezi pou sekirize li ak sekirite antouwaj la.
Konsèy aprè siklòn lan fin pase:
Avan nou fè netwayaj lakay nou ak nan lari a, nou dwe fè anpil pridans ak vijilans paske nan moman siklòn lan te pase a, van ka rache ni branch ni pye bwa al fwote ou tonbe sou fil kouran ki alantou yo ak poto yo e sa ka lakoz anpil dega.
Se rete lwen fil ki tonbe atè, ki tonbe sou pye bwa, epi se kite Enèji Pwòp fè travay li pou rezoud sa byen rapid.
N ap mande pou nou toujou pran pasyans ak Enèji Pwòp lè gen kote ki pa ko gen kouran akoz dega siklòn lan, rezo a ka afekte nan moman an e pa enkyete nou, Enèji Pwòp ap repare sa. Se pran pasyans pou nou souple!
Pataje atik sa, lè sa w ap pwoteje fanmi ou ak antouraj ou.