Enèji Pwòp S.A.
  • Akey
  • A pwopo Enèji Pwòp
    • Sevis
    • Ekip Enèji Pwòp la
  • Aktyalite
    • Jounen entenasyonal dwa Fanm
    • Mobile Money avek Enèji Pwòp
    • Pwoje Kwison Elektrik nan Lezangle
    • Aplikasyon mobile Enèji Pwòp
  • Kontakte nou
  • Kwen edikatif
    • Kesyon ak Repons
    • Aspe sekirite
    • Efikasite enejetik
  • Blog
  • Paj rekritman
  • Akey
  • A pwopo Enèji Pwòp
    • Sevis
    • Ekip Enèji Pwòp la
  • Aktyalite
    • Jounen entenasyonal dwa Fanm
    • Mobile Money avek Enèji Pwòp
    • Pwoje Kwison Elektrik nan Lezangle
    • Aplikasyon mobile Enèji Pwòp
  • Kontakte nou
  • Kwen edikatif
    • Kesyon ak Repons
    • Aspe sekirite
    • Efikasite enejetik
  • Blog
  • Paj rekritman
Search by typing & pressing enter

YOUR CART

REKRITMAN NAN ​ENÈJI PWÒP

Nan kad ekspanyon li byento, Enèji Pwòp ap komanse yon egzesis rekritman. 
Si ou we yon pos ki koresponn ak pwofil ou, e ki enterese ou, voye nou CV ou avek yon let motivasyon a resousimen@enejipwop.com.
Nan tout pozisyon li, ​Enèji Pwòp ankouraje mesye yo e medam yo pou postile. 

​Pozisyon: Direkte / direktris d'eksplwatasyon mikwo-rezo 


​Deskripsyon;
Direktè/ Direktris eksplwatasyon mikwo-rezo a pral jere tout entèvansyon antretyen (prevantif ak ensidan), yon fason pou garanti sekirite ak pèfòmans teknik ak ekonomik ekipman ki disponib yo ansanm ak antretyen rezo Enèji Pwòp pou asire kontinwite sevis elektrisite  nan yon fason efikas e ki respekte mezi sekirite.

Egzijans:
Fòmasyon Bac+4 oswa Bac+5 nan enjeniri
Eksperyans omwen 5 an nan elektrisite ak operasyon ak antretyen​
Konesans teknik nan enstalasyon sole ak rezo elektrik.

Pozisyon a ap base nan depatman Sid ak Grans'Anse kote
Enèji Pwòp ap opere. 

Klike isit pou tout detay sou rekritman sa a
Picture

Pozisyon: Ajan resous imen

Deskripsyon :
Ajan RH la pral sipòte Direktè Operasyon an nan travay li epi gen lot tach espesifik tankou:
- Evalyasyon bezwen anplwaye yo,
- Definisyon ak piblikasyon òf travay yo
- Seleksyon ak endiksyon nouvo anplwaye yo
- Devlopman yon politik jesyon resous imen 
- Asire konfòmite ak lwa sou sante ak sekirite nan travay.


Kalifikasyon ak eksperyans:
Bac+3 à Bac+5 an resous imen 
Omwen 3 zan nan domen lan.
​
​Dat limit:
30 aout 2022

Voye CV ak let motivasyon sou: resousimen@enejipwop.com

Klike sou lyen sa a pou plis detay:

Picture
Avi rekritman Ajan Resous Imen

​Pozisyon : Anbasadè/ anbasadris rezo a plen tan nan La Cahouanne, depatman sid. 

Deskripsyon :
Yon anbasade/ anbasadris rezo nan Enèji Pwòp,  se yon pozisyon byen enpotan pou yon konpayi ki ofri yon sevis e ki pral mande ke moun ki chwazi a kapab kominike avèk piblik pou sèvis kliyan, e fe plizye tip ankèt nan kominote a, e reprezante Enèji Pwòp nan vil la ak lot zonn kote nou opere.

Kalifikasyon:
N ap cheche yon kandida ideyal ki pral jwenn ekip nou e ki gen kalite sa yo:
  • Aptitud pou li, pale, ekri an kreyòl ak fransè.
  • Genyen yon bon sans oganizasyon
  • Kapab travay an ekip
  • Alèz pou itilize yon smartphone, tablèt ak laptop
  • Genyen konpetans pou kominike klèman e genyen respè avèk manb publik
  • Entèrese pou aprann baz elekrisite
  • Konprann anglè se yon avantaj
​​
Edikasyon : Te konplete etid segondè

Eksperyans : Genyen yon eksperayans prealab  se yon avantaj men li pa obligatwa.

​Dat limit: 25 jiye 2022
Picture

​Pozisyon : Plizye teknisyen/ teknisyenn rezo nan La Cahouanne, depatman sid. 
Deskripsyon :
Teknisyen/ teknisyenn rezo yo pral travay pou konstriksyon rezo nan faz koneksyon kliyan, e pral jwenn fomasyon pou ka fe enstalasyon konte prepaye sou poto, liy sevis e enstalasyon rezidansyel. Se yon pozisyon pou 1 ou 2 mwa , men avek posibilite pou anboche nan faz operasyon rezo a.

Kalifikasyon:
N ap cheche yon kandida ideyal ki pral jwenn Ekip nou se:
  • Aptitud pou li, pale, ekri an kreyòl ak fransè
  • Byen òganize e metodik
  • Kapab travay an ekip e swiv pwotokòl ki etabli
  • Alèz pou itilize yon smartphone, tablèt ak laptop
  • Genyen respè pou manb piblik yo
  • Dwe alèz pou travay anlè sou do kay yo e sou poto yo
  • Genyen yon bon fòm fizik
​​
Edikasyon : 
Fomasyon an elektrisite obligatwa

Eksperyans : Yon eksperyans nan elektrisite batiman ou rezo se yon gwo avantaj

​Dat limit: 25 jiye 2022
Picture

Pozisyon :  Ajan sekirite nan La Cahouanne, depatman sid. 
Deskripsyon :
Gad sekirite yo pral gen sou chaj li pou asire enstalasyon elektrik ak tout byen Enèji Pwòp nan vil la, e estaf ak kolaboratè konpayi a an sekirite kont ris vol, atak ak vandalis. Se yon pos ki mande travay le swa pou fe rond surveyans sou sit la, selon konsiy yo.

Kalifikasyon:
N ap cheche yon kandida ideyal ki pral jwenn ekip nou se:
  • Konn li, pale, ekri an kreyòl ak fransè se yon avantaj.
  • Kapab travay an ekip e swiv pwotokol ki etabli
  • Diskrè ak serye nan travay li
  • Respekte ak fè respekte konsiy sekirite yo
  • Genyen yon trè bon fòm fizik
  • Genyen yon sètifika bon kondwit
  • Enterese avèk elektrisite

Edikasyon : Setifika lekòl segondè 

Eksperyans : Yon eksperyans  antan ke ajan sekirite 

​Dat limit: 25 jiye 2022
Picture

Picture

Pozisyon: Anketè de teren

Deskripsyon;
Anketè a pral gen pou poze moun kap viv nan vil grandans yo kesyon gras ak yon kesyonè ki etabli davans. L ap gen poul fè ankèt nan vil Marfranc, Beaumont, Chambellan, Dame Marie ak Anse d'Hainault nan yon dure ki estime a 3 mwa renouvlab.

​
​
Pou plis enfomasyon sou pos sa a, klike la

Pozisyon: Sipèvizè ankèt

Deskripsyon;

Sipèvizè a pral gen pou objektif jere ak kowòdone tout prosesis ki gen rapò ak ankèt yo, l ap gen pou li pran tout done etid ki fèt yo avan mikro rezo elektrik yo enstale nan vil riral yo. E l ap dwe an mezi pou li itilize teknoloji ki gen rapò ak enfòmasyon lap gen pou l transmèt e kominike.


Pou plis enfomasyon sou pos sa a, klike la
Powered by Create your own unique website with customizable templates.