Enèji Pwòp S.A.
  • Akey
  • A pwopo Enèji Pwòp
    • Sevis
    • Ekip Enèji Pwòp la
  • Aktyalite
    • Jounen entenasyonal dwa Fanm
    • Mobile Money avek Enèji Pwòp
    • Pwoje Kwison Elektrik nan Lezangle
    • Aplikasyon mobile Enèji Pwòp
  • Kontakte nou
  • Kwen edikatif
    • Kesyon ak Repons
    • Aspe sekirite
    • Efikasite enejetik
  • Blog
  • Paj rekritman
  • Akey
  • A pwopo Enèji Pwòp
    • Sevis
    • Ekip Enèji Pwòp la
  • Aktyalite
    • Jounen entenasyonal dwa Fanm
    • Mobile Money avek Enèji Pwòp
    • Pwoje Kwison Elektrik nan Lezangle
    • Aplikasyon mobile Enèji Pwòp
  • Kontakte nou
  • Kwen edikatif
    • Kesyon ak Repons
    • Aspe sekirite
    • Efikasite enejetik
  • Blog
  • Paj rekritman
Search by typing & pressing enter

YOUR CART

 Fanmi Enèji Pwòp la
​


Yverose Milien
​Direkstris Operasyon

​Yverose rejwenn ekip Enèji Pwòp la nan mwa Me 2014 kòm asistan administrativ, an 2016 jiska dat li travay kom direktris operasyon. Li te etidye syans kontab nan Universite Port-au-Prince (UP) ak enfomatik biwo nan Alliance école professionnelle. Li chwazi travay ak Enèji Pwòp paske li vle travay avèk yon antrepriz ki gen vrè enpak sou kominote a, e kap grandi pi plis chak jou pou pote chanjman sou popilasyon ayisyèn lan.
Picture
Picture

Rosanne Jean Jacques
Anbasadris rezo, Lezangle

Rosanne se youn pami pi ansyen manb ekip la, pwiske se an avril 2012 li te rejwenn Enèji Pwòp kòm sipevizè pou atelye recho mirak. Kan pwojè rezo elektrik la te kòmanse, li te vin anbasadris rezo Les Anglais. Li te fè etid li nan Les Anglais ak Pòtoprens. Li renmen travay avèk Enèji Pwòp paske dirijan yo gen respè pou tout anplwaye. Lè li pa travay li jere biznis li ak kreye lòt aktivite.

Heromme Blaise
Chef Teknisyen

Heromme rejwenn Ekip Enèji Pwòp nan mwa out 2018 kòm chèf teknisyen e te responsab sipevizyon ekip teknisyen rezo Tiburon. An oktob 2016 li te travay kòm kont aktyèl nan Enèji Pwòp e li te fè pati ekip teknisyen ki te travay pou lansman rezo Les Anglais e osi pou renovasyon rezo a aprè siklòn Matthew. Avan Enèji Pwòp li te travay nan kolej Kanado, EL Rancho api nan Cooperative Electricite Coteaux (CEAC). Li etidye complex educatif Bel-air ak Kanado enfomatik biro. Li renmen travay ak Enèji Pwòp paske dirijan yo repekte anplwaye. Lè li pap travay kom lwazi li fe lekti ak pase yon ti tan sou rezo sosyal yo.
Picture
Picture

Pierre-Mareus François
Teknisyen rezo Lezangle

​​Se sou non Jude ke majorite moun Lezangle konnen Pierre-Mareus! Li te fe etud li nan Cœur-Unis lekòl pwofesyonèl nan Pòtoprens.  Premye eksperyans li avèk Enèji Pwòp  te komanse an avril 2018, kan li te rekrite avèk 4 lòt teknisyen pou reparasyon rezo elektrik la aprè siklòn Matthew. Kounyea, se li ki okipe pòs teknisyen rezo Lèzanglè. Avan li te rejwenn ekip la an jiyè 2018, li te fè plizyè lòt eksperyans paske se pa selman branch elektrite li te etidye. 
Jude gen plizyè  lòt pasyon, aprè elektrisite, pami mekanik.

Adrien Forestal
Ajan sekirite Lezangle

Adrien rejwenn ekip Enèji Pwòp la an desanm 2014 kòm ajan sekirite pou rezo Les Anglais. Li te aprann metye mason nan Metalics Potoprens. Avan Enèji Pwòp li te travay kòm ajan sekirite pou yon antrepriz nan pòtoprens. Li renmen travay avèk Enèji Pwòp paske dirijan yo respekte anplwaye, e li kontan pou li travay pou kominote a. kom lwazi li jwe mizik twoubadou.
Picture
Picture

Fritz Bozil
Ajan sekirite Lezangle

Se an Me 2016 ke Bozil te rejwenn ekip Enèji Pwòp la, kòm ajan sekirite pou rezo Les Anglais. Li te etidye nan lekòl Presbyteral Les Anglais. Avan Enèji Pwòp li te travay kòm sekirite pou konpayi Costima, konpayi Job ak nan meri Lèzangle. Li renmen travay avèk Enèji Pwòp paske lap fe yon bèl travay nan Lèzangle. Lè li pap travay li fè aktivite jaden lakay li, jije ak patisipe nan gagè.

Omilia Edmond
Anbasadris rezo Tiburon

Fanmi Enèji Pwòp la te akeyi Omilia  an mas 2019 kòm Anbasadris rezo nan Tiburon. Li etidye sekretarya nan lekòl komèsyal Julien Crann Okay. Avan Enèji Pwòp li te travay nan Kominote Limyè Coteaux ak nan Mairie Tiburon. Li renmen travay avèk ekip la paske yo ta renmen nou tout aprann tout bagay o nivo se sistèm lan.
Picture
Picture

Jackson Etienne
Teknisyen rezo Tiburon

Jackson te rejwenn ekip lan mwa out 2020 kom teknisyen nan Tiburon. Nan ane 2019 li te travay kom estajè nan enstalasyon kontè  sou sistèm Tiburon. Li fe premye eksperyans li pou elektrisite avek Enèji Pwòp. Li etidye elektrisite pòtoprens nan centre Juvenile de formation professionnel de carrefour. Li renmen travay avek Eneji Pwòp paske travay lap fe ede kominote kote lap viv la e pou tout peyi a. kom lwazi Li renmen foutbòl ak jwe kat.

Joel Joseph
Ajan sekirite Tiburon

Joël rejwenn ekip Eneji Pwop la nan mwa novanm 2018 kom Ajan sekirite pou rezo Tiburon. Li te fe etid pwofesyonel Tiburon nan mason. Avan Eneji Pwop li te travay kom sekirite nan konpayi Digicel, Kati ak Medair. Li renmen travay pou li ka reponn ak bezwen li paske le li pap travay li pa santi li byen.
Picture
Picture


Julien Antoine
Ajan sekirite Tiburon

Julien te komanse travay avek Enèji Pwòp an tan ke ajan sekirite sou sit konstrikyon santral soley Tiburon an avril 2018. Kan rezo a te rantre an operasyon, li te toujou fe pati ekip la. Avan li rejwenn ekip Enèji Pwòp la, se sou anten Digicel Tiburon la ke li te kon fe ajan sekirite. Kan li pa ap travay, Julien renmen bay blag, ale nan jaden li epi sa okipe bet li nan patiray.

Junot Fanfan
Staje/ asistan teknisyen

Junot se yon staje/asistan teknisyen ki te komanse eksperyans li avek Enèji Pwòp an oktob 2019. Se nan lekol Justin Auguste, nan Delmas, Potoprens ke li te etudye elektriste. Avan Enèji Pwòp, li te kon fe enstalasyon elektrik nan kay moun yo. Li renmen fe pati ekip Enèji Pwòp paske li se moun Les Anglais e li renmen travay lap fe nan kominote a. Le li pap travay avek elektrisite, li kon fe komes, travay mason, ouswa travay jaden.
Picture
Picture

Marie Grecia Cesar
Asistan administrativ e projè

Grecia rejwenn ekip Enèji Pwòp nan mwa septanb 2015 kòm ajan de vant, e an 2017 jiska dat li travay kòm asistan administrativ e projè. Li te etidye syans administrativ nan Inika e jesyon otelyè nan Intec nan Pòtoprens. Men avan li te rejwenn ekip Enèji Pwòp la, li te fe pakou pwofesyonel li nan plizyè antrepriz deja. Li te travay kòm ajan de maketin nan konpayi Carolina, li te asistan administrativ nan Intec e palaswit li te vin kòdonatris nan konpayi kominikasyon Tel Info. Li renmen travay ak Enèji Pwòp paske se yon antrepriz ki vle pote yon potansyèl chanjman e devlopman nan kominote a.

Powered by Create your own unique website with customizable templates.