Enèji Pwòp S.A.
  • Akey
  • A pwopo Enèji Pwòp
    • Sevis
    • Ekip Enèji Pwòp la
  • Aktyalite
    • Mobile Money avek Enèji Pwòp
    • Pwoje Kwison Elektrik nan Lezangle
    • Aplikasyon mobile Enèji Pwòp
  • Kontakte nou
  • Kwen edikatif
    • Kesyon Repons
    • Aspe sekirite
    • Efikasite enejetik

SEVIS YO


​Nou ka bay ou plizye sevis tankou:

 ​Jesyon ak operasyon mikwo-rezo elektrik

Picture
Sa, se aktivite prensipal nou. Aktyèlman, Enèji Pwòp ap fe jesyon 2 mikwo rezo avèk yon sistèm ibrid ki sèvi enèji solèy, batri ak delko pou bay 2 vil kouran: 1 nan Lèzanglè depi 2015, ak 1 nan Tibiwon depi 2018. 
Gras a ekspetiz nou, nou ka ede w nan jesyon mikwo-rezo pa'w.
Si'w gen yon mikwo-rezo ak enèji renouvlab, e wap chache konn konpayi serye pou jere li, Enèji Pwòp ka fè sa pou w!
Kontakte nou direkteman pou plis enfòmasyon.

​Enstalasyon e ekstansyon elektrik rezidansyel ak depanaj teknik

Picture
Picture
 Si ou poko gen kouran mikworezo a lakay ouswa nan biznis ou e ou enskri pou vinn yon kliyan, Enèji Pwòp pral fe yon enstalasyon elektrik estanda pou ou GRATIS!
Si w deja yon kliyan Enèji Pwòp, ou ka benefisye plizye sevis tankou pou agrandi enstalasyon kouran ou an nan lakay ou biznis ou. 
Si pandan ou kliyan  Enèji Pwòp, ou gen yon problem avek sevis ou tankou ou pa gen kouran lakay ou, nou gen sevis depanaj a domisil. 
​Pase nan Magazen Enèji Pwòp ki nan lokalite ou pou gen plis enfomasyon.

Vant pwodwi elektrik, eko-enejetik ak kalite

Picture
Ou bezwen yon anpoul LED? Oubyen yon vantilate? Ou bezwen achte materyel pou teknisyen Enèji Pwòp ka fe yon ekstansyon enstalasyon elektrik pa'w? Ou ka gen tout bagay sa yo nan Magazen Enèji Pwòp ki nan lokalite ou. 
Pase nan Magazen Les Anglais ou Tiburon pou konen ki pwodwi disponib aktyelman.

Pou gen plis detay konsenan lot sevis Enèji Pwòp ka ofe ou, tanpri kontakte nou swa pa telefon, imel ou pase an Magazen Enèji Pwòp ki pi pra avew.

Powered by Create your own unique website with customizable templates.
  • Akey
  • A pwopo Enèji Pwòp
    • Sevis
    • Ekip Enèji Pwòp la
  • Aktyalite
    • Mobile Money avek Enèji Pwòp
    • Pwoje Kwison Elektrik nan Lezangle
    • Aplikasyon mobile Enèji Pwòp
  • Kontakte nou
  • Kwen edikatif
    • Kesyon Repons
    • Aspe sekirite
    • Efikasite enejetik