Ki sam dwe fe pou vinn yon kliyan Enèji Pwòp?
Pou ou ka vinn yon kliyan, komin ou dwe deja genyen yon mikwo-rezo ki opere pa Enèji Pwòp. Si Enèji Pwòp deja prezan, pwosesis la byen senp:
- Ale nan Magazen Enèji Pwòp ki nan lokalite ou. Mande anbasadris rezo a pou enskri ou pou yon nouvo enstalasyon.
- Anbasadris la pou pran non, telefon ak adres ou.
- Li pou relew e pase lakay ou pou fe yon anket avew. Apre anket la, lap enfome w ou sevis ki bon pou ou, epi sa lap di w ki le ou ka peye fre enskripsyon.
- Yon teknisyen pou vinn fe enstalasyon la nan kay w e fe yon branchman ak yon konte.
- Kan enstalasyon la fini net, wap siyen yon kontra nan Magazen Enèji Pwòp, e nap mete konte ou ON.
- Kounyea ou ka komanse sevi kouran Enèji Pwòp!
Kijan sistem kouran an mache nan rezo Enèji Pwòp?
Rezo elektrik Enèji Pwòp itilize plizye sous enèji: pano soley, batri ak delko dyezel. Li gen invete yo osi.
- La jounen, kan gen soley, batri yo ka chaje epi an mem tan nou ka pwodwi elektrisite pou moun yo itilize.
- Leswa, kan soley kouche, se batri yo, ki te chaje pandan jounen lan kap dechaje e bay kouran.
- Si nivo batri a desan yon nivo ki komanse ba, delko a demare otomatikman pou rechaje batri yo e kontinye bay vil la kouran.
- Delko a pral kanpe kan batri yo rive yon chaj ki sifizan.
Kijan sistem prepeye la fonksyone?
Enèji Pwòp itilize yon konte prepaye SparkMeter ki osi yon konte entelijan. Kan ou gen kredi kouran, plop plop, sou kont ou, ou pou kapab sevi elektrisite, men osito kredi a fini, ou pou gen blakawout lakay w Donk asire ou toujou gen kredi sou kont Enèji Pwòp pa'w.
Pou ou konen ki balans w, pase nan Magazen Enèji Pwòp, oubyen mande yon revande kouran nan vil w.
Byento, nou pral lanse yon aplikasyon pou chak kliyan ka tcheke kont Enèji Pwòp li depi telefon li. Rete branche ak aktyalite Enèji Pwòp pou ou konen kan sevis la pou disponib!

Mwen vle achte kouran. Ki sa'm dwe fe?
Ebyen li tre senp. Gen plizye fason ou ka achte kouran:
- Pase nan Magazen Enèji Pwòp nan komin w e achte avek anbasadris la.
- Achte avek 1 revande kouran ki anrejistre avek Enèji Pwòp. Ou ka gen lis revande yo nan Magazen.
- A trave MonCash. Si w gen yon kont MonCash, gen kek etap ki byen senp pou ou ka achte kouran. Klike ISIT pou konen ki pwosesis pou fe sa.
E si mwen te vle travay nan konpayi Enèji Pwòp, ki sa'm dwe fe?
Si ou vle jwen ekip Enèji Pwòp, rete konekte sou rezo sosyo li tankou facebook, twitter ak sit web sa a.
Kan gen yon vakans, nou pou poste li epi sa ou ka fe aplikasyon si ou kalifye.
Si ou rete nan vil kote Enèji Pwòp opere, nou kon mete afich epi sa fe anons nan vil la si nou bezwen rekrite nouvo estaf.