|
Nan anpil ti vil atravè peyi a, dè santèn fanm ak gason ap batay chak jou pou kenbe ti biznis yo vivan. Yo leve bonè, yo fè sakrifis, yo fè fas ak difikilte ki depase fòs yo, men yo pa janm sispann chèche yon lavi miyò pou fanmi yo. Se nan reyalite sa a Enèji Pwòp ap pote yon chanjman ki vrèman gen sans: yon kouran ki stab, ki aksesib, ki pèmèt moun travay ak diyite. Temwanyaj Marie Lola Fortilus, yon machann gazez ak dlo glase depi plis pase dis lane, montre kijan elektrifikasyon sant vil la pral transfòme pa sèlman lavi li, men avni ti biznis li tou. Se yon istwa espwa, chanjman, ak nouvo opòtinite.
"Kounya Enèji Pwòp ki vini ak bèl inisyativ sa, kote li pral elektrifye santrevil la, e mwen pral gen aksè pou mwen abòne ak kouran sa. Se deja pral yon gwo soulajman pou mwen. Premye bagay mwen pral fè, se branche yon frizè. Sa vle di mwen p’ap bezwen kouri moute desann nan al dèyè glas ankò, ni pèdi nan lajan transpò. Gazez ak dlo yo pral toujou glase menm si pa ta gen twòp gwo solèy. Sa ki pi bèl, sèke mwen p’ap bezwen pè gaz ki pral fini nan dèlko oswa tande gwo bri ki ka fè moun soud. Se pral yon kouran ki trankil e ki pa chè sou yon peryòd tan. Mwen planifye pou mwen vìn vann plis bagay kounya, tankou ji natirèl, fresko, ti kawòl, paske mwen konnen kouran la pou li kenbe yo glase. Pou mwen menm, kouran se pa sèlman limyè, men se yon chans pou mwen grandi ti biznis mwen an epi bay fanmi mwen yo yon pi bon lavi." Otè : Marie Clennecy BeauvaisMarie Clennecy se responsab depatman Grand’Anse pou Enèji Pwòp, ak sipèvizyon dirèk sou operasyon ak angajman kominotè yo.
0 Comments
Leave a Reply. |
OtèMwen te toujou renmen pataje bon enfòmasyon mwen panse kap itil pwochen mwen. E Enèji Pwòp pèmèt mwen fè sa, se poutèt sa map toujou kontan pou pataje bel ide ak bon ti konsèy toutan sou sit la. Achiv
May 2026
Kategori |
RSS Feed