By Yverose Milien Lendi ki te 7 novanm lan twa jou aprè akò Paris Klima te antre an vigè te ouvri a Marrakech, Maroc 22èm konferans Nations Unis sou chanjman klimatik. Yon ane aprè akò Paris kote gen anpil pwen pou diskite. CHANJMAN KLIMATIK, SE KISA?![]() Chanjman klimatik se yon chanjman rapid ak san presedan alontèm sou sistèèm klima tè a. Sa yo mezire pa chanjman ki fèt nan tanperati a, presipitasyon van, plis varasyon ak pi souvan evènman ekstrèm yo. Gen anpil koz ki montre ke chanjman klimamtik la pa bon pou planèt la sou pwen tankou: Agrikilti, sante ak ekonomi. Pandan ke CO2 se esansyèl pou kwasans plant, tout agrikilti depann tou sou rezèv dlo ki stab, ak chanjman nan klima ka gen chans li rive deranje resous sa yo nan inondasyon oswa sechrès. Sezon ivè ki pi cho kapab koze mwens lanmò, sitou pami moun ki frajil tankou granmoun aje. Li se lajman aksepte ke yon klima pi cho ap ankouraje migrasyon ensèk ki pote maladi tankou moustik. KISA YON COP YE? COP22 se 22èm konferans pati yo (nan lang anglè “Conference of the Parties”, COP) convention cadre des Nations unies sur les changements climatiques (CCNUCC, ou UNFCCC en anglè). Akò inivèsèl sa a, ki bay yon kad global pou negosyasyon sou klima, rekonèt egzistans chanjman klimatik orijin imèn ak bay peyi endistriyalize yo yon prima responsablite pou lite kont fenomèn sa. A KISA COP22 A PRAL SÈVI? POUKISA REYINI ANKÒ SI TOUT BAGAY TE DESIDE DEPI COP21?Kounya, aksyon! Objektif se limite rechofman klima anba 2 degre. Pou kounya nou lwen nou nan yon nivo degre ki trè elve selon ekspè nan domèn nan. Ki strateji peyi yo pou limite rechofman sou planèt la? Kiyès ki pral kontwole. Respekte angajman sa yo? Tout sa yo dwe tranche. Pral gen pou defini règ pou ane kap vini yo, asire ke leta yo prè pou devlope enèji renouvlab, lite kont polisyon machin yo, devlope renovasyon batiman yo. “Konferans sou chanjman klimatik ONU a Marrakech se pwochen etap pou gouvènman kap chèche konkretize akò Paris sou chanjman klimatik ki te adopte lane dènye. Byen ke Akò Paris a te founi anpil direktiv ki klè avèk yon destinasyon final nan sa ki konsène yon aktiv desisiv sou chanjman klimatik, anpil detay pou avanse pi devan antan ke kominote mondyal inik nan direksyon parèy dwe regle ankò” eksplike sekretè ekzekitiv CCNUCC, Patricia Espinosa avan konferans lan te kòmanse. KÒMAN NOU MENM KA AJI POU REDWI CHANJMAN KLIMATIK?Nan konba kont chanjman klimatik la, chanjman estriktirèl nan pwodiksyon ak konsomasyon yo nesesè pou redwi emisyongaz a efè sè: tankou redwi itilizasyon enèji fosil yo, redwi nan konsaomasyon enèji yo, redwi konsomasyon dlo, ogmante pwodiksyon enèji avèk enèji renouvlab, devlope transpò ki pwop, resiklaj, enèji renouvlab, pa gaspiye kouran (pa kite limye yo limen si w pa nan kay la), asire nou pale ak senatè ak depite yo pou yo asire Ayiti respekte Akò Paris, achte anpoul LED.
0 Comments
Leave a Reply. |